Ekrazman mòtèl anrejistre pandan dewoulman Koup Afrik Nasyon yo

2,506

01/24/2022

Yaounde_____(TRiboLAND) Repòt konfime gen sis moun ki mouri ak douzèn lòt ki fwàktire deyò yon estad ki tap akeyi yon match Koup Afrik Nasyon yo nan peyi Kamewoun.

Yon video klip kap paweze sou rezo sosyàl yo montre kòman fanatic football yo tap galbande pou yo te kapab penetre nan estad Paul Biya ki localize nan yon katye nan kapital la, Yaounde

  Gouvènè Kamewoun rejyon Santràl la, Naseri Paul Biya, fè eta de posiblite pou ta genyen plis dega. Alòske yon lòt repòt deklare ke genyen yon bon vale timoun ki krabinen e endispoze nan moman bouskilad yo.

Sepanda, malgre yon parèy ensidan, TRiboLAND konfime ke sèzyèm match ant Kamewoun ak Komoros te arive jwe kanmèm e li te fini 2 – 1 anfavè ekip òganizatè a.

Comments are closed.