Pwoblèm pap fini! Sektè ekonomik lan menase nan komin Selwidinò.

159
0
Share:
TRiboLAND

 05-26-2022

Senlwidinò_____(TRiboLAND) Mache piblik komin Senlwidinò ap fonksyone ak gwo difikilte. Mache popilè sa ki lonje kò l nan 3èm seksyon Degranj, komin Senlwidinò touprè rivyè a, resevwa moun atravè tout lòt depatman yo.

Kondisyon jewografik mache a reponn ak egzijans yo, men zòn kote l sitiye a bay anpil tèt chaje . Chakfwa lapli tonbe e rivyè a debòde, se yon veritab tèt problèm inondasyon pou sektè komès la;  konsa, tout machandiz kòmèsan yo paseo u bwote anba lavalas dlo sal.

Pou anpil moun, avèk konstriksyon pon an, andigman tap kapab fèt pou pote yon solisyon nan yon pwoblèm; avan sa vinn pi anpire, paske menm pon an ka rive yon moman li pap itil ankò pou direksyon rivyè a ap pran.

Yon lòtbò, kondisyon moun yo etale machandiz yo pa reponn avèk nòm ijèn yo. Moun kapab obsève yon pak zannimo ki trouve li toupre moun ap prepare manje kwit, bay anpil kè sere. Se la tou, vandè ou revandè etale tout kalite manje san lave pou moun. Nan sans sa, ou pa kapab distenge vyann ak lòt pwodwi yo, se yon viritab galimatcha! Se tout ansanm fè youn!

Si pa gen yon chanjman ki fèt fas a yon parèy dezòd sistematik nan gwo mache piblik sa bò kote otorite yo ak sèvis sanitè nan depatman an: jere espas mache a kont dega rivyè a ap fè, pou pwoteje batiman an, tonèl ak pwodwi alimantè popilasyon an, ekonomi an riske pèdi plim chak jou ki jou.

Mache peyia, ki yon espas ki dwe pròp e ki responsabilize lamanjay popilasyon an, bezwen soutyen ak ankadreman tout sektè jan sekirite ak ijyènn mande sa nan lavi nasyonal la.


Pierrilien Nicol Colly

Share:

Leave a reply