Nòdès-Anviwònman : Direksyon Depatmantal Brigad Zòn Pwoteje yo (BSAP) bay plizyè kondisyon pou ajan li yo reprann pòs.

2,287

05-26-2022

Wannament_____(TRiboLAND) Nan yon avi ki soti 23 me 2022, Direksyon Depatmantal Brigad Siveyans Zòn Pwoteje yo (BSAP) Nòdès, anonse tout ajan li yo koman pou yo afekte nan yon pòs.

1⁰) Fòk ajan an genyen yon Kat ou Badge BSAP ki anrejistre

2⁰) Fòk ajan an genyen bon jan kondisyon fizik li nòmal

3⁰) Fòk li gen yon teni ki korèk, Pantalon, Chemiz, Mayo, Chosèt, Bòt, Kas ou byen Kepi elatriye (Pwòp).

4⁰) Fòk ajan an genyen disiplin e fòk li respekte moum.

5⁰) Fòk ajan an genyen yon zam a fe, fizi ou byen revòlvè ki legal.
Se tout pami kondisyon sila yo ANAP mande ajan BSAP yo.

Aprè ajan an fin reyini tout kondisyon sila yo, lap gen pou konsilte responsab yo pou li kapab afekte nan yon pòs de sèvis.

Pandan avi sila raple ke : Si yonn nan restriksyon ou byen kondisyon yo pa respekte ajan an pap janm afekte nan okenn pòs ni nan okenn sèvis.

Avi sila ki pote siyati direktè depatmantal Nòdès Ajans Nasyonal Zòn Pwoteje yo (ANAP) Eberle Julien.

Jn simon Manex

Comments are closed.