Yonn nan sibtiti komisè pakè Pòdpè yo, antame yon jijman istorik nan zafè rakèt kap fèt nan dosye paspò a.

857

Sibtiti komisè Alangue Valbrum, vle anonse la koulè, nan kad dosye paspò a, nan depatman Nòdwès la.

07-15-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou kontinye pwouve popilasyon an, genyen yon ti rès konsyans toujou nan aparèy jistis la nan depatman Nòdwès la, nan dat ki te madi 11 jiyè 2023 a, sibtiti komisè Alangue Valbrum ta pral reyaji sou plent plizyè sitwayen ki tava pèdi kòb yo nan kad dosye paspò a, epi trennen malfwa sa yo devan lajistis.

Nan moman odisyon prezime koupab yo, sibtiti komisè a ta pral dekouvri yon dezyèm konplis, sa ki kite pouse li apiye sou atik 337 kòd penal ayisyen an, pou kalifye enfeksyon an “ESKROKRI”. Konsa, pwiske genyen plizyè moun ki enplike nan menm dosye sa a, sibtiti komisè a, oblije apiye sou atik 224 kòd penal ayisyen an, pou li akize kòm konplis “ASOSYASYON MALFEKTÈ” a.

Nan sans sa a, lapolis deja mete anba kòd 2 rakètè sa yo, k ap reflechi nan nan gadavi komisarya Pòdpè a, annatandan yo tann jijman istorik yo nan dat kap, lendi 17 jiyè kap vini la, pou kòz Deli Prive.

Èske se plent popilasyon an pa pote kont gwo mimi yo, kap ransone moun nan zafè paspò a? Oubyen èske se dan pouri ki gen fòs sou bannann mi? Èske se detraksyon oubyen koub kap fèt, menm jan sa te fèt nan siveyans mouvman gaz la?

Comments are closed.