Gwo van rafal kap baleye Nòdwès paralize demele komèsyal yo nan diferan vil kotyè

0 430

Lil Latòti___(TRiboLAND) Gwo rafal van ki pa rete ak van pa sispann ap sekwe depi plis pase 8 jou depatman Nòdwès la, patikilyèman  zònn Lil Latòti, Pòdpè, Jan Rabèl, Sen Lwi Dinò, ak Ansafolè.

Rafal van yo ki kontinye ap baleye divès lokalite nan depatman Nòdpwès la gen gwo enpak ekonomik sou va e vyen komèsyal ki egziste ant Lil Latòti ak diferan vil nan rès depatman an. Rafal van vante yo, selon OFNAC ak UHM ki ap degaje yon wot pwesyon ki chita tou pwè Atlantik Nò a, ap kontinye depi plis pase yon semènn anpeche anbakasyon vwalye ki konn abitye soti nan lokalite Kayonn, Maye, Tamaren, LaBastè, Rezolyè, LaPwent Wès, Nan Monben ak Tèt Delil pa ka pwan chans travès dlo sale a pou antre gran tè. Kidonk, divès moun kap viv sou zile a ki depann sou yon seri pwodwi sibzistans ki nan lòt vil kotyè yo.

Konsekans rafal yo ki okazyone vag lanmè yo pran jarèt jiska 30 ne, deja paralyze anpil ti demele ou bwasaj ekonomik e fè santi ratman yon pakèt pwodwi ki pwèske koute tèt nèg. Anplis, elèv ki te an vakans depi fèt fen dane 2019 la, antòtye akoz mwayen transpòtasyon maritim yo ki pa asesib ditou ditou.

Leave A Reply