Ulysse Jean Chenet mande popilasyon an mobilize pou dechouke PM defakto Ariel Henry sou pouvwa

858

Mobilizasyon yo dwe reprann touswit aprè egzamen bakaloreya yo!

08-06-2023

Sid, Ayiti ____(TRiboLAND) Kòdonatè nasyonal “Mouvman Pwen Final” la, Ulysse Jean Chenet anonse yo repran baton peleren yo kont Ariel Henry, pou dechouke li sou pouvwa a.

Jan sa te prevwa daprè kalandriye pou mobilizasyon yo repran kont enkonpetan Ariel la, òganizasyon sosyete sivil gran Sid yo, ekip “Vwa san Vwa” nan Okay ak pèsonèl sante a nan Jeremi, yo mande depa PM defakto a, san kondisyon.

Selon revandikasyon antite sa yo, popilasyon ayisyèn nan swaf bon jan kondisyon lavi, men flewo kidnaping ak ensekirite a pa ba yo chans. Tout moun dwe leve kanpe kont tout demolisè sa yo!

Kòdinasyon MPF la mande inyon nan mitan tout pitit peyia pou pote kole nan gwo batay kont gouvènman restavèk kolon yo, kap travay kont peyia. Limen flanbo mobilizasyon an, se sèl moyen ki ka fèn sove Ayiti ki se byen komen tout ayisyen, dapwè deklarasyon Ulysse Jean Chenet jounen samdi 5 dawout 2023 a.

Comments are closed.