Okay / Ensekirite : Bandi sans al touye yon sitwayen ak plizyè projektil

2,765

24 me 2022

Okay_____(TRiboLAND) Sou premye gran Ri Okay la, endividi yo pa rive idantifye sou moto, krible anba bal, yon sitwayen pezib e pote ale tout sa ki te ak li, nan aprè midi madi 24 me 2022 a, vè 1è 45 pou 2è.

Yon parèy zak kriminèl rive bab pou bab ak Kapital Bank lan. Malgre efò moun ki te sou plas ak Lapolis, sitwayen an rann dènye souf li, san li pa menm gen chans rive lopital.

Selon kèk temwen, viktim nan se ta yon Enjenyè ki soti nan zòn Pòsali.

Comments are closed.