Lapolis mete men nan kòlèt 2 prezime eskanmòtè etranje nan fè frod

349

10\08\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Enspeksyon Jeneral PNH la konfime atravè yon nòt arestasyon 2 endividi nasyonalite Roumani ki arive vòlè plis pase yon milyon goud nan frod ak kat bankè; daprè ankèt Biwo Afè Finasyè Ekonomik yo (BAFE) ki te jwen yon pakèt plenyen bò kote yon seri kliyan viktim.

Prezume eskanmòtè sa yo ke PNH te arive fouke nan Extra Market, nan Petyonvil, t’ap deplimen kont bankè yon kliyan nan kapital l.  Konsa, arestasyon mafya etranje sa yo pèmèt lapolis arive dekouvri nan yon premye tan lakay yo, 80 kat bankè lòt moun, gde 80,275.00, 3 laptop, yon latriye aseswa elektronik, yon machin, ak 40 lòt kat bankè.

Daprè otorite ayisyèn yo, 2 etranje sa yo ki se espesyalis nan fè frod ak kat bankè moun, trouve yo nan gadavu jounen jodi a kote ke y’ap reponn kesyon DCPJ.

Comments are closed.