Okay kriminalite: Sektè vodou a kontinye ap sibi pèsekisyon: popilasyon “Kay Dwèt” touye yon manbo

940

07-25-2023

Okay, Ayiti_____(TRiboLAND) Selon kèk sous medyatik nan vil Okay, depatman Sid peyi a, manbo Soulina Valsaint ak yon sèten Clermitha ta mouri asasinen anba kout kouto moun ki pa idantifyà nan lanwit 21 pou 22 jiyè 2023 a.

Dràm sila, selon media lokal yo, arive egzekite nan likalite “Kay Dwèt”, 2èm seksyon kominal Fon Frèd nan komin Okay. Yo ta akize Manman Mètrès la, kòm moun ki ta enplike nan lamò yon jèn gason aprè yon ekspedisyon aksidan machinn nan zòn Kans.

Nan kad krim marasa sila, lapolis deja pwosede ak arestasyon plizyè sispèk; alòske lajistis nan pennensil sid la, ap fè bwas pou chèche tankou chyen fou lòt annafè.

Comments are closed.