Bawo Pòdpe a gen nouvo Batonye : Mèt Rolin Vilsaint pran tèt kò Avoka yo

124
0
Share:
TRiboLAND

10/05/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Mèt Rolin Vilsaint pran fonksyon kòm nouvo Batonye Òd Avoka yo nan Pòdpe, jodi lendi 5 oktòb 2026 la, nan okazyon ouvèti ane jidisyè 2026-2027 la. Nouvo Batonye a, ki fèk eli nan dènye eleksyon ki te dewoule nan fen mwa septanm nan, ranplase Mèt Edler Louima, ki te pase de manda nan tèt Bawo a. Nan premye diskou li kòm responsab Òd la, Mèt Rolin Vilsaint pwomèt li pral rete kole ak tout Avoka yo, sitou nan objektif pou defann enterè yo epi amelyore sèvis Bawo a.

Nan entèvansyon li, nouvo Batonye a mete aksan sou nesesite pou gen plis kolaborasyon, respè ak solidarite nan mitan manm kò a. Li pale tou ak anpil fristrasyon sou kèk eksperyans li di li te fè ak Jij Andal Jean Baptiste, Jij enkonpetan, ki merite pran fòmasyon. Nouvo batonye a pale de, de (2) Avoka deja sibi arestasyon san, daprè li, yo pa t respekte pwosedi legal ki nesesè yo. Mèt Rolin Vilsaint fè konnen, menm jan ak ansyen Batonye Edler Louima, li pare pou defann Avoka yo lè dwa ak diyite yo ta menase nan kad egzèsis pwofesyon yo. Epi mande pou pwosesis sètifikasyon an kontinye nan aparèy jistis Pòdpe a.

Sepandan, nouvo responsab Bawo Pòdpe a lanse yon apèl bay Avoka yo pou yo toujou mete lalwa ak etik pwofesyonèl la devan. Li raple okenn Avoka pa dwe konsidere tèt li kòm yon moun ki depase lalwa, e li mande yo respekte Majistra yo ansanm ak tout lòt aktè nan sistèm jistis la. Apre seremoni kote li resevwa echap ak baton Batonye a, Mèt Rolin Vilsaint pran direksyon Òd Avoka Pòdpe a pou yon manda de lane, pou peryòd 2026-2028, avèk misyon pou reprezante, pwoteje epi defann enterè kò Avoka yo pandan l ap travay pou ranfòse prestij ak fonksyònman Bawo a.

Share:

Leave a reply