NÒDÈS/EDIKASYON : Yon dezyèm pwomès pou konstriksyon Lise Rene Theodore nan Wanament.

3,449

05-25-2022

Wanament_____(TRiboLAND) Lokal Lise RENÉ THÉODORE Wanament lan ta dwe operasyonèl nan mwa septanm 2023 daprè Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la Nesmy MANIGAT.

Yon delagasyon ki te gen nan tèt li Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la Nesmy MANIGAT, Direktè Jeneral Biwo Monetizasyon Pwogram Éd ak Devlòman (BMPAD) Ignace Fils-Aimé SAINT-FLEUR akonpanye avèk kad nan Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) epi responsab nan direksyon Depatmantal Nòdès Edikasyon, vizite madi 24 me 2022 teren ki dispoze pou konstwi Lise Réné Théodore nan kòmin Wanament.

Objèktif vizit sa, se pou kapab lanse demaraj travay pou klotire espas teren-an nan mwa jen 2022 kap vini la, daprè deklarasyon nimewo 1 MENFP nan Nesmy Manigat. Konsa, bò kote pa li, Direktè Jeneral BMPAD la Ignace St.Fleur presize pou l di se kloti teren an ki pou fèt avan konstriksyon-an demare.


Minis Levasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat pwomèt disi septanm 2023, nouvo batiman Lise Réné Théodore dwe pwè pou resevwa alafwa ” elèv segondè ansèyman jeneral ak segondè teknik e pwofesyonèl yo “. Minis lan di “PAK DEJE” Mankèt la pral entèkonekte avèk lokal Lise a atravè konstriksyon yon pasrèl pou pèmèt jèn liseyen yo kapab divèti yo .

Nap raple sa gen plizyè lane se pwomès sou pwomès kap fèt men anyen konkrè pa janm fèt pou konstwi lokal Lise Réné Théodore a. Nap raple, sou administrasyon Michel Martelly menm Nesmy Manigat sa te Minis edikasyon nasyonal e li te patisipe nan poze premye wòch pou konstwi Lise a; sete yon 18 novanm 2014 kote jiska prezan se menm pwomès yo menm chanson yo ” LEKÒL PAKA TAN-N” pandan setan Nesmy Manigat Minis Edikasyon Nasyonal 2 fwa poko janm koupe yon riban menm pou yon tonèl an tach pou yon timoun ta di se gras a pitit Wanament.

Jn simon Manex



Comments are closed.