Gang sangwen nan Tomasen ta sanble egzekite 2 lòt polisye

714

01-30-2023

Yon sous okilè ke TRiboLAND fè konfyans, rapòte asasinay 2 lòt polisye nan Tomasen pandan sware jodi lendi 30 janvye 2023 a.

Plizyè temwen ta idantifye nèg ak zam ame jous nan dan ki ta tèt koupe ak group gang Ti Makak la. Selon enfo yo, nan yon kou sanzatann, malfra yo ta krible e touye anba zam 2 polisye ki ta sanble ki te sou yon moto.

Kidonk san oken enkyetid, bandi yo te pati ak kò sanvi polisye yo san oken fòm pwosè.

Comments are closed.