CPDEP òganize jounen mèkredi 14 jen 2023 a, yon seyans bwase lide ak jounalis, pwopriyetè media yo, nan vil Pòdpè.

909

Se sou tèm “réorganisation du système électoral haïtien”, “centre pour la démocratie et l’éducation participative”, òganize jounen mèkredi 14 jen 2023 a, seyans deba ak jounalis yo, pwopriyetè media yo, nan vil Pòdpè.

06-15-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Jan sa te prevwa pou jounen mèkredi 14 jen 2023 a, plizyè jounalis ki te sòti nan divès vil nan depatman Nòdwès la, te reponn prezan nan lokal “Terrasse des Arts”; ak envitasyon responsab CPDEP yo, yon mannyè pou te bay pwent vi pa yo, sou evantyèl reyòganizasyon sistèm elekoral ayisyen an.

Kòm pwoblèm, premye entèvenan an, agr. Monford Thélusma, ki ta pral pran la pawòl, soulinye pwoblèm vyolans ki genyen nan zafè eleksyon an, selon li menm, ki lakòz peyi Dayiti ap naje nan enstabilite politik.

Pou pwofesè Alangue Valbrum, sibtiti komisè pakè Pòdpè a, ki charye yon latriye pwopozisyon, pami yo, li kwè fòk yo ta chanje zafè biwo vòt (bv) la, pou vini ak sa yo rele biwo inskripsyon vòt (biv) la, kap fasilite yon lis elektoral, se pami pwopozisyon enpòtan entèvenan yo te fè nan kad seyans sila.

li enpòtan pou konnen, seyans bwase lide sa a, ap posib ak divès lòt sektè enpòtan nan depatman Nòdwès la, tankou : sektè pwotestan, voudouyizan, gwoup fanm yo, òganizasyon debaz yo, pou site sa yo sèlman.

Comments are closed.