Konferans san nannan Minis Jistis Rockfeller Vincent ak Premye Minis Joseph Jouthe la se yon tantativ pou devye moun sou fen manda pouvwa

338

02/07/2021

Se malere medya yo trouve yo nan obligasyon pou kouvwi konferans yon rejim ki ta sanble yo akize kòm antite kap komèt krim, anlèvman, kidnapping, krim finansyè, gansterizasyon, vyolans sou pwòp popilasyon li; ajoute a sa, ou jwen yon minis jistis ki ta sanble ke li pa metrize tèz legal la byen. Sa vle di, li pa arive defann tèz enfraksyon ke li di jij Kasasyon an komèt la; alòske yon prèv enfwaksyon legal dwe chita sou yon seri evidans: materyèl, moral ou entansyonèl, legal ak enjir. Anplis, ki sa ki di se pa yon lojisyèl MorphVox ke yo itilize ak vwa madanm akize a yap sikile sou rezo sosyàl yo? Yon bon teknisyen sètifye nan CISCOCCNP/CCIP/CCNA/CCENT ap kapab kreye yon trik parèy oubyen kapab verifye otantisite vwa anrejistre a.

Se reyèlman anbarasan nan tande minis jistis la ak premye minis lan ki pat kapab makiye “TEYÀT FABRIKE” a byen, jan ke ex-prezidan Jovenel Moise te mande yo fè. Teyàt gouvènman defakto a sou dosye fabwike Ti Bwà a, pa gen nannan! Ta sanble, sa ki fè gouvènman an mal la sanble li pa kriye pou li! An gwo, yo pa kapab bay koudeta aprè fen yon manda!

Nap raple, dokiman tranzisyonèl ke pouvwa defakto a ap jwe avè’l la gen pou wè avèk pwosesis tranzisyon striktirèl la aprè fen manda Jovenel Moise la ki ta pràl rive nan fen li, jodi dimanch 7 fevriye 2021. Sispann fè wont sèvi kòlè! Gagòt la fini! Sispann anbarase Ayiti plis toujou! Si genyen yon moun ki ta dwe arete, se prezidan peyi a ak tout yon pakèt konseye tèt chat ki fè yon oto-koudeta sou konstitisyon peyi a e ki redwi nasyon an tòchon sal.

Sitwayen Ti Bwà yo te genyen pou objektif tankou: refòm konstitisyonèl, kòd penal, konstrisyon prizon, nouvo plan sekirite, redwi ministè, retabli ororite leta, kreye djòb, òganize eleksyon e latriye. Plizyè pati konsène te siyen dokiman tranzisyon an depi 30 oktòb 2020; ki jan de sèvis ransèyman gouvènman sa genyen menm, se koulya yo dekouvwi sa?

Antouka, pou konbyen tan pouvwa ap ka kenbe nan laloz; pou devye atansyon popilasyon an. Petèt se yon devyasyon ki kapab pèmèt yo kreye tan pou yo gentan òganize leve kouri yo! Sa ki pi rèd la, daprè refleksyon jounalis Marvel sou Radyo Kiskeya (nan dat 03-07-21), Léon Charles, ki se Direktè Jeneral Polis Nasyonal fè pati de moun ki abitye rankontre ak menm group moun sa yo nan Ti Bwà; alò, ki konplo kont surte leta ke y’ap pale la? Vrè konplo a se yon denonsyasyon zàm ki deplase ki anbarase pouvwa PHTK a ak BOUCLIER.

Renold Rosini, Pòtoprens

Comments are closed.