Fiziyad nan Pòtoprens :Yon sòlda FADH tonbe anba bal sangwen

2,347

05-24-2022

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Yon manm Fòs Lame Dayiti tonbe anba bal sangwen nan pòtopwens.

Normil Kerby, se non yon sòlda Fòs Lame Dayiti ki resevwa anviwon 7 katouch anba bal bandi sangwen, jounen madi 24 me 2022 a, nan moman li tap kandale desann nan antouraj plas Sen- Ànn, nan kapital la.

Normil Kerby, te fè pati 4è gwoup ki tal pran fòmasyon nan peyi Ekwatè; te dedikase tout jenès li pou ede ou sèvi peyi l.

Ke nanm potorik gason sa ki te toujou itil peyi li repoze nan lapè etènèl; e ke espri li vizite vwayou yo ki retire lavi li Lachman, e mete dlo nan je fanmiy ak zanmi!



Comments are closed.