BSAP : enstalasyon yon pwen fiks bò kanal irigasyon Wanament lan

2,551

05-22-2022

Wanament____(TRiboLAND) Abitan ak agrikiltè nan zòn Pitobè bò kanal irigasyon leta ayisyen ap konstwi sou rivyè Masak la, kontan pou baz BSAP ki enstale nan zòn nan. Demach sa vize pou frennen move zak ki souvan ap repete nan kwen fwontyè-a.

Nan yon visit TRiboLAND reyalize maten dimanch 22 me 2022 a, konsta yo montre yon baz ajan BSAP (Brigad Siveyans Ér Powteje) rive enstale nan zòn Pitobé. Se kèk manm nan popilasyon an ki kotize ansanm ki pèmèt Gad Aviwònmantal yo genyen yon ti pòs. Li poko menm fini yo loje pwovizwaman, se yon fason pou pwoteje ak siveye tèritwa lakay yo sitou nan sak gen pou wè ak anviwònman an fas ak sòlda dominiken ki souvan ap poze move aksyon sou ayisyen e pafwa rantre sou sòl ayisyen an.

Nou pa ka bliye lè yo te travèse fwontyè-a, vin bay presyon pou te kanpe travay pwojè kanal irigasyon an kite kòmanse sou administrasyin Jovenel MOISE la.

Abitan nan zòn Pitobè lanse yon apèl bay otorite nan Gouvènman an espesyalman Ministè Anviwònman pou ankadre ajan BSAP yo ki manifeste volonte pou travay pou sitwayen zòn nan. Tout sa antre nan kad gad anviwònmantal yo ki jwe wòl Lame ak Polifwont nan fwontyè Wanament paske yo prezan maten midi e swa. “Depi lè Baz BSAP la fin enstale devan kanal irigasyon an ki poko fini an, yo viv san okenn enkyetid paske Dominiken abitye vin fè presyon sou yo ak gwo zàm nan men yo”, daprè sa rezidan yo deklare.

Nap raple, samdi 21 me 2022 a, ajan BSAP yo te arete 8 moun vè 2è byen bonè nan maten nan zòn Labeyi. Pami annafè yo, ou jwen yon dominiken. Se te Joseph GERNIER alyas BIG Master ki tap dirije operasyon BIE a ki te fasilite yon parèy kout filè.

Jn simon Manex

Comments are closed.