Pwofanasyon tonb nan Simityè Pòdpe a : Kwòk mò mete tèt ak defansè lajistis ap kraze kav, retire kadav epi ranplase non fanmiy yo

454
0
Share:
TRiboLAND

11/01/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon sitiyasyon grav ki soulve anpil endiyasyon nan vil Pòdpe, se zak pwofanasyon ak vòlè kav kèk endividi ta pran abitid fè nan simityè vil la. Daprè enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon TRiboLAND.com, yon gwoup malfra ta angaje nan yon pratik malonèt kote yo kase kav moun, fè fo papye ankonplisite ak kèk teknisyen lajistis, vann kav, retire kadav nan kav ki pa pou yo, mete lòt kadav nan plas yo, epi efase non fanmi orijinal ki te mèt kav yo pou ranplase yo ak lòt non.

Dènye zak malonèt ke yo poze, se pwofanasyon kav Lunie Louissaint, ki genyen apèn 3 mwa depi yo te antere li nan kav familyal ki date plis ke 80 lane, pwopwiyetè fanmiy Saintil e Louissaint; mafya ki abitye fè djòb kwòk mò nan simityè, nan konfyolo avèk lòt antite nan lajistis deside fè dap piyanp sou kav la, repentire, retire ekrito e ranplase li sou non yon swadizan Lucienne Joseph.

Daprè enfòmasyon ki ta disponib, dosye sa a ta gen rapò ak yon desizyon jij Andal Jean Baptiste ta pran, yon desizyon kèk moun konsidere kòm kontestab. Sitiyasyon sa a mete anpil kesyon sou respè dwa fanmiy yo, pwoteksyon kadav moun ki mouri yo ak jesyon espas simityè Pòdpe a. Plizyè sitwayen ki di yo viktim menm kalite pratik sa yo, pa kache endiyasyon yo devan zak malonèt sa yo; yo estime okenn moun pa gen dwa pwofane kadav moun ki mouri, ni pran kav yon fanmiy pou bay yon lòt moun. Pou yo menm, se yon atak dirèk sou dinyite moun ki mouri yo ansanm ak dwa fanmi ki gen pwòch yo antere nan simityè a.

Fas ak reyalite sa a, viktim yo lanse yon apèl ijan bay otorite minisipal yo pou pran responsablite yo epi mete yon fren nan zak malonèt sa yo. Yo fè konnen otorite yo pa dwe sèlman enterese nan lajan fanmiy yo peye pou antere pwòch yo, men yo dwe asire bon jan sekirite, siveyans ak bon jan jesyon nan simityè Pòdpe a. Sitwayen sa yo estime simityè a, ki ta dwe yon espas repo ak respè pou moun ki mouri, tounen yon veritab savann kote dezòd ou anachi ap vale teren. Yo mande pou otorite konsène yo mennen ankèt serye sou yon seri moun ki pran pòz yap bay sèvis nan simityè a, pandan y’ap eseye idantifye kav moun pa vizite souvan epi fè rakèt ak yon kò mafya kap defann fo papye pou fè lajan nan pwofane kadav sitwayen vil la.

Antouka, pandan eritye kav la deside entwodwi yon parèy dosye nan pi wo nivo ministè Lajistis, yo mande pou minisipalite Podpe a reyaji e pran responsablite li pou idantifye responsab yo epi pran mezi legal ki nesesè pou anpeche zak pwofànasyon sa yo pa rive nan menm nivo ak volè tè nan komin nan.

N’ap raple, fanmiy defen an dekouvwi zak malonèt ou pwofanasyon sou kav la, nan moman yo tap vizite espas la jodi pwemye novanm 2026 la.

Share:

Leave a reply