Wanament : Anplwaye mèri yo fèmen pòtay prensipal mèri a pou 13 mwa travay san peye

2,591

05-22-202

Wanament_____(TRiboLAND) Li te ka anviwon 6è nan maten lè plizyè anplwaye te parèt e mete kle pa yo nan mèri a e makonnen l ak yon chèn, epi kanpe devan mèri a pou tann otorite yo maten vandredi 20 me 2022 a.

Plizyè nan anplwaye yo ki tap depoze bay TRiboLAND, kritike ak tout fòs yo katèl mèri a, ki pa sousye de yo; yo menm ale pi lwen pou di, se pou premye fwa Wanament twouve l nan yon eta kritik konsa. Pou yo menm, Wanament twouvel kòm vil ki pi sal nan peyi a akoz fatra tounen flè nan Wanament. Anpil moun ap poze tèt yo kesyon pou di, kote materyel PNUD te remèt mèri a pou te mete pwòpte nan vil la?

Sa gen plizyè semèn depi Majistra fanm nan kenbe kle bakolodè a paske se gwo magogo lajan ameriken materyel yo ap lwe pandan lari a sal pi mal pase peny tidan.

Majistra Chrétilia Pierre Antoine ale pi lwen poul di : Li santil endinye pou materyèl leta yo ap fè djòb prive epi pou vil la sal nan nivo sa. Tandiske materyèl yo ap fè lajan mete nan pòch ti zanmi, ti boubout ak akolit moun anndan leta a pandan l presize pou l di : “Materyèl yo se pou pwòpte vil la, se pa pou fè lajan mete nan pòch vakabon”, daprè majistra fanm nan ki montre aklè gato a pa fè 3 tranch, li ale nan 2 sèl bòl sèlman.

Sou bò pa kèk sitwayen ki t’ap asiste anplwaye yo nan moman yo tap plenyen sò yo ki se13 mwa travay san peye, yo santi yo boude kont katèl mèri a ki yo menm fèmen 2 je yo nan bezwen vil la, selon asistan yo : “Mesye dàm sa yo pa pè fatra e yo ta sanble yap viv avè l anndan kay yo, paske yo fè tèt yo pase kòm lènmi lapwòpte”.

Jn Simon Manex

Comments are closed.