Grav ensidan nan Kap Ayisyen : 3 moun blese grav, 4 kay kraze aprè yon gwo wòch desann nan Mòn Basiko

309
0
Share:
TRiboLAND

02/25/2026

Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo panik frape zòn Basiko, sou wout pou monte Bèlè a, nan vil Kap Ayisyrn, aprè yon gwo wòch detache nan mòn lan epi woule desann ak fòs.

Daprè premye enfòmasyon yo, anviwon 3 moun blese grav, tandiske 4 kay kraze nèt anba enpak wòch la. Ensidan an rive pandan gwo lapli ki ap tonbe depi madi 24 fevriye 2026, lapli ki deja frape plizyè depatman nan peyi a.

Temwen yo fè konnen si se pa kay sa yo ki te bare wòch la, li t ap ka kontinye woule desann nan lari a, sa ki ta ka lakòz plis viktim toujou.

Sèvis Pwoteksyon Sivil ansanm ak otorite lokal yo deja deplwaye sou plas pou evalye dega yo epi pran mezi nesesè pou pwoteje popilasyon an kont lòt risk glisman tè oswa deboulman wòch.

Sitiyasyon an rete sous enkyetid pou rezidan yo, sitou ak move tan an ki poko bay siy pou l kanpe. Otorite yo lanse yon apèl pou moun ki rete nan zòn ki riske yo pran anpil prekosyon pandan peryòd gwo lapli sa a.

Share:

Leave a reply