Mango kòn genyen anpil valè pou peyizan kap viv nan Wo 12èm seksyon kominal Tigwav, Abitasyon Bwajans.

TRiboLAND.com
Anpil peyizan ap plenyen akoz “mango kòn” ki pa donnen ane sa a nan abitasyon Bwajansi, Wo 12èm seksyon kominal Tigwav; yon parèy peneri ki lage gwo dezolasyon lakay abitan yo.
Mango kòn toujou ede peyizan yo chak ane, kote abitan yo te toujou pote mango al bouske lavi yo nan mache Seradòt nan Tigwav, Kafou Tapyon, ak nan Santral Grangwav. Kidonk, anpil fwa, yo konn al vann nan mache Kafou Difò nan Leyogan.
Pami tout lòt mango, mango kòn pou anpil moun, se li ki pi bon. Peyizan yo itilize taktik pou keyi li lè rekòt. Abitan yo itilize keyèt, ki se yon tibokit ak yon sak pou anpeche mango yo abime ou genyen mo. Mango kòn donnen yon fwa pa ane e yo keyi yo 2 fwa pa semèn.
Toutfwa, mango kòn nan genyen anpil enpòtans nan lavi peyizan yo nan Wo 12èm seksyon kominal Tigwav, Abitasyon Bwajansi. Mango se trezò ak kanè bank anpil peyizan yo. Yo itilize li kòm yon pwodwi rantab ki rapòte bonjan tchotcho ki fasilite peyizan yo voye pitit yo lekòl chak ane. Mango kòn, se yon pwodwi ki endispansab pou bwat sekrè ekonomi anpil abitan. Konsa, absans mango kòn pou ane a, lage anpil peyizan nan woulo!






