Anviwon 15 jounalis nan Tigwav resevwa fòmasyon sou itilizasyon dlo ak manje nan popilasyon an.

03 – 09 – 2026
Tigwav, Ayiti ______(TRiboLAND) Sant edikasyon kominotè ak lakilti (SEDIK), òganize samdi 07 mas 2026 lan, yon seyans fòmasyon pou anviwon 15 jounalis nan Tigwav. Seyans fòmasyon sila, selon responsab pwogram SEDIK la, Alande Paul se nan lide pou jounalis yo konnen ki pi meyè fòmil yo dwe itilize pou sanbilize popilasyon an, nan itilizasyon dlo ak manje lakay yo.
Responsab pwogam SEDIK la, deklare fòmasyon sa a, rantre nan kad pou ranfòse kapasite jounalis yo sou kominikasyon pratik familyal konsènan sa ki genyen pou wè ak ijyèn nan kominote tigwavyèn nan.
Toutfwa, mesye Alande Paul esplike, pwojè sa a, jwen sipò finansye bò kote Òganizasyon Entènasyonal Unicef, nan kad batay yap mennen kont tout fòm kontaminasyon ki kapab pote maladi nan sosyete a ak nan fason sitwayèn ak sitwayen yo ap itilize dlo ak manje lakay yo.






