Okap/Maraton :Yon Atis deside fè maraton pou chanje eskanp figi dezyèm vil peyi Dayiti a.

2,495

05-14-2022

Kap Ayisyen_____(TRiboLAND) Yon atis, yon chantè vedèt, ki pote non Oky JEMS deside fè maraton (ramase 5 goud pasi pala) nan lide pou chanje eskanp figi dezyèm vil peyi a, Kap Ayisyen ki sal pi mal pase peny ti dan.

Kap Ayisyen ki te youn nan bèl vil touristik peyi a, ap naje depi plizyè lane nan yon oseyan pwoblèm tout kalite tankou: bidonvilizasyon, inondasyon, konbisyon san konte fatra kap taye banda pasi pala.

Nan lide pou pote yon solisyon ak youn nan fenomèn nou sot site la yo, Oky JEMS kise yon natif natal nan vil sila, yon chantè ki deja fè siksè ak plizyè gwoup mizikal tankou: King Posse, Show Off, Anbyans poun site sa yo sèlman; deside mete sou pye yon maraton nan objektif pou bay yon kout men sou jesyon fatra a nan vil kapwàz la.

Nan peyi devlope yo, jerans fatra fèt chak jou atravè yon strikti ki sistematikman byen òganize; konvèsyon ou transfòmasyon li pèmèt pafwà yon seri enstitisyon fasilite gro devlopman ekonomik. Sepandan, nan peyi Dayiti, otorite yo santi yo konfòtab e enkapab nan jere fatra ki se youn pami plizyè gro flewo kap pwodwi maladi e efondre tèritwà nasyonal la.

Bwavo Oky JEMS, se yon lòt nivo! Mwen ta byen renmen wè atis lakay mwen manifeste menm atitid la egalman, daprè Maxime Petithomme, yon piti vil Okap ki tap opine sou yon parèy inisyativ.

Comments are closed.