Nan yon nòt pou laprès, Inisyativ Sitwayen pou Devlopman Nòdès mande Lameri san pèdi tan pou netwaye plizyè zòn nan Wanament

956

08-01-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) “Initiative Citoyen pour le Développement du Nord’est” (ICDNE) mande lameri Wanament pou l retire prese prese tout fatra ki nan antre vil la ak deyè do komisarya a pa devan vis delegasyon awondisman an, nan yon nòt denonsyasyon jounen lendi 31 jiyè 2023 a.

Responsab òganizasyon an mande lameri nan Wanament pou’l fè travay sa yo nan kèk jou sèlman avan fèt patwonal la nan komin nan. Yo site zòn tankou Diwo, ki pa dwe rete jan’l sal la tankou peny ti dan. Yo adrese egalman tout lòt enstans ki la pou pwopte vil la, pou pran responsablite yo devan angajman yo te pran devan popilasyon an, paske antre vil la se vizaj komin nan.

Lè yo konsidere lameri resevwa materyèl nan men Leta a ak òganizasyon entènasyonal yo, sitou nan pwojè jesyon fatra nan Komin Wanament, Fòlibète ak Ferye; resèt kap fèt nan pòs ki tou kole kote pil fatra yo a. Yo mande pou responsab yo nan lameri Wanament la mete resous sa yo nan sèvis kominote a.

Selon nòt la toujou, devwa leta sitou lameri, se pou kenbe antre ak anndan vil Wanament pwòp pou li reflete imaj moun Wanament. Tout moun dwe viv nan yon vil ki pwòp ki reflete dinyite yo.
Yon zòn kote fatra ap fè mouch, ravèt, vè, marengwen elatriye… ap toujou pote maladi nan anviwonnman kote moun ap viv! Fatra pa flè!

Yon lòt kote, yo bat bwavo lakontantman pou lamèri pou jefò yo fè nan netwaye kanal ak ranmase fatra yo nan Gran ri Espanyòl la, daprè Edxon FRANCISQUE, Prezidan (ICDNE) ak
Mauselaine Jean Vis-prezidant.

Comments are closed.