Katedral Istorik Imakile Konsepsyon Milo a bwile ra pye tè

0 333

Milo, Kap Ayisyen____(TRiboLAND) Nan lanwit 12 pou rive 13 Avwil byen bonè douvanjou, moun nan zònn avwazinant komenn Milo (Bonnet à l’Evêque) te reveye avèk bwi ak rele amwey lòske Katedràl istorik Imakile Konsepsyon Milo a nan depatman Nò tap kangrennen rapye tè avèk difi.

Patrimwann nasyonal sa ki plase a 12 kilomèt sid vil Kap Ayiysen e ki date depwi 1810 sou rèy Wa Henry Christophe te fè pati Pak Nasyonal Istorik la kote ou jwenn egalman Palè Sans-Souci ki an ruin depi anpil bout tan.

Dapwè Majistra Milo a, Jacques Bernadin ki konfime ke anpil moun te leve pou fè manèv men pat kapab arive kontwole dife a. Konsa, menm ponpye ki te a 20 minit vil Okap pat gentan rive atan pou desann fe dife a ki pote ale twati voute gwo patrimwànn nasyonal la.

Chedèf sa ki te pran nesans e ki te bati nan lane 1810 anba kout sizo yon achitèk ki te rele Chery Warlock, te yon chapèl wayàl. Konsa, se nan espas sa ke Wà Henry Christophe te konn pran lamès nan tan sa.

Anpil espekilasyon sou orijinn dife a; sepandan genyen yon ipotèz ki ta sujere ke se yon moun fou ki abitye dòmi dèyè chapèl la ki ta mete dife a; yon enfo ke TRiboLAND pat ka arive konfime. Kidonk, yon lòt trezò istorik ou achitèktik detwi, yon pèt kolosal pou eritaj nasyonal la ki mete tristès nan zye tout ayisyen sou planèt la!

Leave A Reply