Fòs ameriken yo sibi 2 gwo manman penba atak nan peyi Seri

1,012

10-24-2023

Wachentonn, Etazini____(TRiboLAND) Jodi madi 24 oktòb 2024 la, Pentagonn anonse ke fòs amerikèn yo nan peyi Siri te anba gwo atak dwònn manman penba ki tap soti nan direksyon solèy leve nan peyi Siri. Atak sila ki pa ta fè oken blese, te revandike avèk awogans yon gwoup mouvman islamik nan peyi Irak, dapwè sa ke Pentagònn revele.

Mouvman rezistans islamik nan Irak, deklare ke se li menm menm ki lanse yon seri dwònn kamikaz kont baz amriken yo ki twouve yo nan zònn Nò peyi Siri san dizon Damas.

Atak dwònn sila yo te entèsepte depi anlè akoz sistèm defans fòs amerikèn yo; konsa, pa genyen oken moun ki grafwiyen, dapwè pòt pawòl Pentagònn nan, jeneral Pat Ryder ki tap pale nan laprès.

Comments are closed.