Ariel Henry pran yon souflèt imilyasyon nan vil Okap nan okazyon selebrasyon Fèt bikolò a.

1,087

05-18-2023

Nan yon konferans tèt chaje ak bougonnen popilè, PM PHTK Ariel Henry te oblije bwit sou kou ki te espas konferans lan, aprè ke plizyè sitwayen tap adrese kèk kesyon sou yon seri deriv ak enkonpetans ou deblozaj nan gouvènman li a.

Yon seri gro kesyon ki tap anbarase gouvènman vwayou a tankou: Ki sa gouvènman an ou an itil? Ki sa ou itil peyi a? Pouk isa ou kanpe projè “Baraj Maryon an?

Kesyon sa yo ke Ariel Henry te estime ki trè enpètinan, pat kapab reziste e tap fè bwàs pou bay dèyè’l 2 tap. Konsa, li ta pral fè fas ak yon lòt group moun ki tap kesyon motiv li sou yon seri reyalizasyon ou projè ansyen prezidan Jovenel Moise ke li inyore, boude ou voye nan yon kwen.

Ariel Henry, ki te deside selebwe Fèt Drapo nan vil Okap akoz krentif pou li pa pran nan angrenay nan Akayè, te finalman prèt deklentche yon diskisyon avèk sitwayen yo ki tap adrese yon seri kesyon enpètinant e anbarasant kont dirijan PHTK a ki, pou anpil moun, reprezante yon zewo nan “La bonne Gouvernance” e kontribye iresponsabman nan efondre peyi a pi plis toujou.

Nap raple nan pasaj li nan Nò peyia, Ariel Henry ansanm avèk akolit li yo, inogire lekòl Jean Baptiste Dutty Boukman nan kominote Flavil, komin Akil Dinò.

Comments are closed.