Aktivite lameri nan komin Senlwidinò.

2,607

05-13-2022

Senlwidinò_____(TRiboLAND) Malgre tout chantye nan komin nan kanpe depi yon bon bout tan, sa pa anpeche meri a ak kontribisyon popilasyon an ak kèk estitisyon nan komin nan rive reyalize ti pon sa a, sou ravin Bòben pami tout ravin ki te konn inonde vil Senlwidinò lè gen lapli ki tonbe nan.

Pou anpil moun nan popilasyon an, se yon gras paske nan mwà avril la, ravin sa te inonde tout kay moun yo depi Dèyè Ri jis rive nan mitan vil la. Gras ak travay sa popilasyon an pwal rale yon souf. Pou yo menm, ravin sa a te bloke devan plas piblik la pou yon bon bout tan; menm sikilasyon pat posib nan moman an.

Gen lòt moun kap mande otorite yo pou yo fè yon jan pou ede moun anba lavil yo ak ravin nan Yoyo ki se yon veritab danje lè gen lapli kap tonbe sou Senlwidinò.

Nan sans sa a, fòk gen jefò ki fèt pou retire Senlwi nan sal trouvel la. Men toutan gen lavi gen lespwa!

Pierrilien Colly

Comments are closed.