Pakè pòtopwens lanse yon manda mennen vini nan dègonn yon ansyen premye Minis.

2,602

05-13-2022

Pòtoprens____(TRiboLAND) Pakè Pòtopwens lanse jounen vandredi 13 me 2022 a, yon manda “rale mennen vini” nan dègonn ansyen Minis Jenès Espò ak Aksyon Sivik la, mouche Evans Lescouflair pou tèt non l ta site nan zafè eskandal krim vyòl ak agresyon seksyèl sou Claude Alix Bertrand ak Wilner Odigé.

Manda “rale mennen vini” sa a, desène kont ansyen minis sila se paske li te refize al reponn kesyon komisè gouvènman Pakè Pòtopwens lan, Me. Jacques Lafontant yè jedi 12 me 2022 a.

Nan moman nap pale la, DCPJ ap chèche tankou chen fou presume kriminèl yo rele Evans Lescouflair nan lide pou vin reponn kesyon lajistis jan sad we fèt.

Antouka, anpil kesyon ap poze pou konnen, èske se show biz kap fèt? Paske sepa premye gwo chabrak ki enplike nan dosye sisinaj sa yo, sepandan lajistis toujou rete bèkèkè.

Comments are closed.