SIGORA: yon konpayi enèji elektrik ak solè kap byen pase nan ekleraj nan Ba Nòdwès

212

01/12/21

Mòl Sen Nikola_____(TRiboLAND) Depi kèk lane, divès komin nan ba Nòdwès, espesyàlman Mòl Sen Nikola, Jan- Rabèl ak Mawouj konnen yon eklatman nan zafè enèji elektrik ak solè 24/24; gras ak yon konpayi kòmèsyal ki pote non “SIGORA.” Popilasyon kap viv rejyon Ba Nòwès yo nan wout pou di babay tout bon vre ak blakawout.

Konsa, SIGORA asosye detèminasyon li ak mwayen pwodiksyon li pou entèkonekte divès rejyon ki prive enèji ki se yon pasaj oblije nan tout devlopman sosyete.

Entèkoneksyon ant Janrabèl, Marouj, Dame, Djondjon ak divès lòt seksyon kominal ki patko goute kesyon kouran 24/24 la, SIGORA, afiche volonte li pou ralanti fenomèn enpòte envètè a, retire zòn sa yo nan nwasè e founi yo enèji jan sa dwe ye nan tout peyi.

Fòk nou di ou, dapwè ansyen kandida pou pòs senatè a, Msye Belle Fleur Jean Fritzner, kise premye moun ki vini ak kesyon kouran an, deklare konpayi a pral ranfòse kapasite li ak 500 kw, yon mannyè pou rive touche seksyon kominal yo,ki poko jwenn pa yo nan kouran je klere a.



Pou fini, dapwè ansyen kandida pou pòs senatè a, yon latriye etid deja fèt sou zile Latòti an tèm apwovisyonnman enèji elektrik. Antouka, yon evantyèl kontra deja ap manniganse pou zile Latòti; li rete sèlman apwobasyon otorite lokàl yo pou akeyi pwojè kouran an nan rejyon an.


Genson HYPPOLITE

Comments are closed.