Pòdpè: Ajan egzekitif enterimè a nan tèt kole ak lapolis, baleye san avètisman tout bataklan anachik nan Katye Bouchi

293

01/28/21

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan prezans Direktè depatmantal polis la, Msye Daniel Compère ak divès polisye, ajan egzekitif enterimè mèri pòdpè a, msye Josué Alusma te debake byen bonè nan maten nan zòn Bouchi san avètisman jedi 28 janvye 2021 an. Yo kraze an miyèt moso kay abitan k ap viv nan zòn bouchi a nan vil Pòdepè.

Dapwè deklarasyon divès sitwayen, Josué Alusma ta sanble te pran kòb nan m’en divès antreprenè yon mannyè pou bayo espas bouchi a, malerezman plan an pat ka egzekite. Pwofite kesyon kanaval nasyonal ki gen pou fèt nan depatman nòdwès la, nou ta kapab di Josué Alusma jwen yon pòt a sòti pou li debarase’l ak antreprenè yo. Ki donk, plan an antre an egzekisyon jodi a.

Divès kesyon pa sispan poze.

Èske moun ki te gen plaj nan bouchi a, ki te konn peye la mèri ak DGI ka deside kraze kay yo san avètisman? Èske la mèri pa sipoze chita ak moun sa yo? Yo kraze bouchi an, pou fè kisa? Èske ajan egzekitif la pata sipoze fèl akonpanye yon jij depè paske anpil kay yo kraze se gwo bisnis ki genyen divès kalte machandiz? Èske yo te sipoze kraze kay yo ak tout bataklanm yo? Èske se divòs Alusma ak ekip ki tap jere bouchi a, ki lakòz reyaksyon sa yo? Ki sa ki anpeche Alusma pran yon parèy mezi pou plaj chalè ke moun okipe tou? Èske tou se paske anpil nan yo te mete kaka chat mawon Alusma deyò ki lakòz sa? Antouka, pi devan n’ap konprann pou ki!

Seri kesyon sa yo pouse nou fè diferans ant vyolans epi vyolans lejitim de leta.

Kilè nou kapab pale de vyolans lejitim de leta, Max Weber yon filozòf, li di tout lè fwa leta aji nan non popilasyon an,ak nan enterè popilasyon an lè sa a, nou kapab pale de vyolans lejitim. Men kilè vyolans lan ka lejitim. Egzanp, si leta bezwen yon espas, swa pou’l fè yon lekòl, yon lopital, yon mache eksetera; lè sa a, yo kapab dyaloge ak mèt teren an, yon mannyè pou mete teren an ala dispozisyon leta. Nan ka kontrè, leta kapab pran’l ak fòs li, lè saa lap depoze kòb mèt teren an nan BNC. La n ap pale de pwosedi pou koz itilite piblik ke yo itilize nan dwa administratif. Konsa tou, si yon moun konstwi sou kannal, rivyè, bò lamè …yo rele sa a konstriksyon anachik. Leta pa bezwen dyalòg la poul aji.Leta gen dwa poul kraze nenpòt konstriksyon nan ka saa.

Tandiske, nan kàd vyolans tou kou, se lè leta rantre sou pwopriyete yon moun e li aji san teni kont. Konsa tou, kòm leta se pi gwo pwopriyetè teryen, li kapab afème yon moun san ke’l pa vann. Men si tout fwa, yon moun kise fèmye leta epi ou gen yon byen imobilye sou tè a,leta deside krazel san dyalòg ak gwo ponyèt, desizyon saa,yo relel, abitrè, ilegal, ki tèt koupe ak vyolans.

Pou kontinye, kòd pwosedi sivil la di: se sèlman yon jijman ki kapab bay dwa pou kraze yon byen imobilye. Men nan kesyon fouy menm si la polis ta la,la lwa egzije fòk genyen yon jij de pè.

Poun konkli, anpil moun dakò pou ke bouchi a te kraze, men lè genyen de moun ki peye DGI, sou pretèks yap mete kaka chat mawon deyò ou deside kraze byen moun sa yo, nou di ak tout fòs nou se yon desizyon chimerik. Avni ap di rès la!

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.