Direksyon depatmantal Jenès-Espò ak Aksyon Sivik nan Nòdwès, reyisi totalman jounen pwogram edikasyon pou ti moun lekòl yo.

1,307

Anviwon yon santèn elèv, nan divès lekòl te reponn prezan nan lokal Eveche Pòdpè a, pou te vin patisipe nan seyans fòmasyon direksyon depatmantal Jenès-Espò tap òganize jounen vandredi 17 mas 2023 a.

03-17-23

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Jan sa te prevwa pou jounen vandredi 17 mas 2023 a, nan prezans direktè depatmantal MJSAC la, Walkens Joseph ak tout ekip li, anviwon yon santèn elèv te reponn prezan nan kad jounen fòmasyon pwogram ofisyèl direksyon depatmantal Jenès-Espò ak Aksyon Sivik tap òganize nan lide pou reyose nivo edikasyon jenès la nan lekòl yo.

Nan moman gwo jounen fòmasyon sila, entèvenan an, Mèt Fresnel Jean ki tap depoze, mande chak patisipan yo pou yo renmen peyi a paske, ayisyen pa gen peyi derezèv. Konferansye a, ki tap esplike kòman romen yo te konn devlope yon santiman patriyotik nan peryòd antikite, envite jenès la, ki se motè peyi a fè menm bagay la, paske se nou ki dwe fè yon bagay pou peyi a, se pa peyi a kap fè yon bagay pou nou.

Yon lòt bò, Mèt Fresnel Jean montre ensatisfaksyon’l vizavi otorite ayisyèn yo, lè li konsidere Repiblik Dominikèn nou tap okip pandan 25 lane, pou koulya se yo menm ki vin bay Ayiti inivèsite, pandan ke nou bliye si nou te lanse sinyal devlopman avan yo.

Plede anfavè yon emèjans konsyans sosyal, Mèt Fresnel Jean mande ak patisipan yo pou yo poze “ak solidarite” a, konsa yo va voye yon sinyal pozitif pou peyi a, menm jan zantèt nou yo te fè’l devan lame Napoleyon an.

Viv Ayiti! Viv Libète! Viv Otodetèminasyon!

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.