Ayiti Desè :Yon ansyen jounalis radyo Zenith di latè bay bay.

2,508

Carl Dieudonné, ansyen jounalis radyo Zenith FM, bay latè do jounen dimanch 24 avril 2022 a.

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Pou anpil moun, sityasyon jounalis Carl Dieudonné te vin konplike. Nan yon pwemye tan, Carl te anba sekous yon maladi e te afiche yon konpòtman paranoik ou alusinasyon (kòm kwa li ta wè yon seri zonbi kap tripote bonnanj li e menm fè l santi ke lap pouse kòn); konsa, li ta pral pran wout radyo pou denonse Direktè Radyo Zenith lan Msye Rony Colin, sou Radyo Caraïbes FM kote l te soulinye Direktè a ta ka fèl bwè yon bagay malefik.

Pou anpil moun se tout yon sèvo ki ale; yon kàd trè elokan (à nul autre pareil), yon animatè emisyon “Laye” ki te toujou ap vale teren sou kadran 102.5 Zenith lan.

Lanmò Carl Dieudonné kreye anpil rumè ki genyen pou wè ak lèsen, zidòl ou zak malfektè nan media ayisyen; sepandan, li kreye pi plis konstènasyon lakay fanmiy ak zanmi ki enkonsolàb. Ke nanm Carl Dieudonné repoze nan lapè etènèl.

Comments are closed.