Lanmò pa sispann fwape pòt nan Grandans, Fanmi Maginaire nan Jeremi nan gwo senti mare fas ak disparisyon yon pwòch yo.

110
0
Share:
TRiboLAND

05 – 30 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Jou ki te madi 26 me 2026 la, vè twa zè twant nan aprè midi, Maginaire Vilfranche, yonn nan manm enpotan fanmiy Maginaire di planèt la babay nan lopital Sentantwann Jeremi aprè l te finn pase anviwon kat lane malad swit ak yon move san ke konfli pou tè nan mitan pwòp pitit li yo deklentche.

Vilfranche Maginaire ki te fèt yon jou jedi 3 jiyè 1950 nan lokalite Rat Chapo, premye seksyon Anzdiklè komin Abriko. pitit yon ansyen notab ki te rele Franck Maginaire e ki te ala fwa yon chèf seksyon ki te pwatike travay latè. Manman defen an, te rele Idelia Julot, yon komèsan byen koni nan kanton an. Vilfranche Maginaire se te yon papa dis pitit; pami yo sis fi kat gason. Li te marye avèk madanm li kise Philizaire Claudette Maginaire. Le te yon bòs ofèv chrevrone, yon atizan enpekab; li te egalman pwatike travay latè ak fè elvaj zannimo; se konsa, e se ak sa yo li grandi tout pitit li yo ak fè edikasyon yo.

Vilfranche Maginaire ke anpil pwòch li yo te konn rele Francho nan vivan li; li te toujou ap pwone lapè ak tèt ansanm tout kote li pase. Defen an, te yon nonm ki te livre tout limenm pou ankouraje moun konpwann ekzistans Bon Dye Kreatè a, sitou fason l te konn ap preche yon levanjil ki chita sou Pouvwa Bon Dye ki la pou delivre sila yo ki kwè. Ki donk temwayaj anpil moun nan kominote a, wè yon Vilfranche Maginaire ki tap mennen yon viv egzanplè nan lokalite Nan Lendi, 9èm seksyon kominal Jeremi Fon Wouj Tòbèk.

Vilfranche Maginaire, ki tap eseye mennen yon vi franche devan je Bondye ak lèzòm, te toujou montre dezakò li montre dezakò li fas ak dife volan ou aktivite konfli tè ki te egziste nan mitan pitit li yo; yon pwatik negatif ki lakòz lanmò potorik gason sa a ki se Vilfranche Maginaire, regrete memwa. Ke nanm yon parèy pwototip repoze lapè e ke fanmiy li jwen konsolasyon.

Share:

Leave a reply