Fondasyon TRiboLAND pral reyalize yon lòt jounen fòmasyon gratis sou fabkikasyon pwodwi chimik nan Komin Basen Ble

02-14-2023 (mizajou)
Basen Ble, Ayiti ____(TRiboLAND) Toujou nan objektif pou konbat delenkans jivenil, TRiboLAND Media Network atravè Fondasyon TRiboLAND livre li depi yon bon bout tan nan fòme jenn fanm ak jenn gason yon seri fòmasyon ki chita sou abilite konpetans.
Se nan lide sa, nan okazyon konje kanaval la, Fondasyon TRiboLAND ap òganize yon kokennchenn seminè ant 20 e 21 fevriye 2023, sou fabrikasyon pwodwi chimik nan Komin Basen Ble, depatman Nòdwès peyia. Tankou li toujou fèt, fòmasyon TRiboLAND yo toujou fèt san yon senkòb chada (gratis).

Fondasyon TRiboLAND lanse nan fòme jèn, pou montre yo peche, yon fason pou yo chèche pwason pou tèt yo. Li vize envèsti nan moun atravè yon strikti fòmasyon. Gras ak sipò yon group jenn fanm ak jenn gason nan Komin Basen Ble, kap travay nan tèt kole ak Fondasyon TRiboLAND.
Deja, òganizatè kominotè, Hodney Fanuance deja antame faz preparasyon 3 nan yon parèy projè ki ta sanble deja kreye ou simaye yon pakèt efori ak sansibilizasyon lakay patisipan yo ki deja masivman antame pwosesis anrejistreman yo.
Fondasyon TRiboLAND deja swete tout moun Basen Ble bòn chans; yo chwazi nan konjonkti aktyèl la, pran wout fòmasyon nan plas ale simen yayad nan kanaval. Apre dans tanbou lou!
Fòmasyon an ap fèt nan lokal “Lycée Jacques Stephen Alexis” ki trouve-l nan ri Christophe Dos-boeuf..






