Eric Laguerre alyas “Tom Malè,” “Manmi Prela” mouri yèswa

0 655

Pòtopwens___(TRiboLAND) TRiboLAND konfime lanmò Eric Laguerre alyas “Tom Malè,” “Manmi Prela” ki se yon atis ou yon animatè Radyo Televizyon Karaib. Sous pwòch bò kote defen an konfime ke Eric te soti patisipe nan yon fèt vè 11:00 pm, Samdi 7 Mas 2020, li te santi yon malèz ki te oblije ke yo kouri vit e pwese lopital avè l.

Konsa, malgre entèvansyon medikal ijans yo, Tom Malè pat arive fè fas avèk sekous malèz la. Atis la mouri nan lopital “L’espoir,” yon kou di pou ekip Radyo Televizyon Karaib la ansanm ak tout fanatik ki te kwe nan yon lejann ak yon komedyen ki te konn ede yo konbat strès nan peyi Dayiti.

Tout senpati TRiboLAND ale jwenn fanmiy li ak kolaboratè emisyon “Maten Karaib.”

Leave A Reply