Paul Enick Métayer, yon lòt pitit Nòdwès vire do bay latè

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nouvèl lanmò Paul Enick Métayer alyas “Nicko” tonbe nan vil Pòdpè avèk gro konstènasyon jodi vandredi sen, 18 avril 2025 lan. Yon Nòdwès ki pa gaya ditou nan dènye jou sila yo, avèk ensekirite ki se rezilta plizyè fwaye gang, ajoute sou chagrin ki te deja anvayi rejyion an avèk plizyè pitit Site Kapwà Lamò a ki ale bwid sou kou.
Paul Enick Métayer, ansyen direktè Lise Sténio Vincent nan vil Pòdpè, enspektè enstriktè e businessman, vire do bay latè. Enfòmasyon yo ta sijere ke mesye Métayer te arive bwile pandan ke li tap tante mete kaburan nan yon dèlko ki te deja ap mache. Li viktim de yon bwile 3 degre ki te nesesite anpil moute desann pou sove lavi li, selon sa yon pwòch li konfye TRiboLAND.com.
Viktim nan ki pat kapab jwen adekwàt swen medikal nan vil Pòdpè, te refere nan Sant Medikal Beraka; konsa, li te oblije antre nan depatman Nò peyi a avèk anpil difikilte ki ta pra’l fasilite li travèse lizyè pou antre nan yon lopital nan vil Santiago, repiblik domikèn. Malerezman aprè tout demach ak peripesi sila yo, fanmiy Métayer a ta pra’l aprann maten vandredi 18 avril 2025 lan, pitit gason yo renmen anpil la, di rès monn lan babay.
Se yon kou di ou san zatann pou fanmiy lan ak tout zanmi patikilyèman nan Nòdwès peyi a ki pat prepare pou yon parèy dràm. Ke nanm Nicko, ki pran wout Loryan Etènèl repoze nan yon pafèt trankilite absoli.






