Maxo Noël denonse grefye grevis yo nan tribinal Depè Pòdpè a.

2,415

04/20/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Maxo Noël yon manm nan kòporasyon “Fondé de Pouvoir” kap milite nan nivo tribinal Depè Pòdpè a, denonse fason grefye grevis yo ap mennen grèv la, epi mande yo resezi yo.

Selon Maxo Noël, se yon dwà sibjektif grefye yo genyen pou yo revandike dwà yo epi mande bon jan kondisyon travay, paske yo reprezante yon mayon nan chèn jidisyè a. Sepandan, li deklare menm jan yo sispann sou emèt manda, odyans sivil ak penal, konsa tou yo pa dwe ap delivre setifika “bonne vie et moeurs”, sètifika rezidans, konsta ak elatriye.

Ansyen responsab kòporasyon an nan sans sa a, estime grefye yo pote prejidis kont “Fondé de Pouvoir” yo, kote li fè konnen ke yo pretann yap fè grèv poutan sèvis kap rantre lajan yo pa janm kanpe.

Pou Maxo Noël, si nap mande pou peyi a chanje nous dwe dabò kòmanse pa chanje sistèm jidisyè a pandan lap konseye jij Paul Blanc kise titilè a.i tribinal la, asime responsabilite li.

Comments are closed.