Yon gro chèf gang Gran Toryan ki te dèyè yon pakèt zak kidnapping nan Sen Lwi Dinò tonbe anba bal

3,640

04/19/2022

Pandi, Gromòn______(TRiboLAND) Zael! Se non yon Gran Toryan bandi kidnapè, ki te fè pale anpil de li menm nan komin Sen Lwi Dinò, jwen lanmò li aprèmidi madi 19 avril 2022 a nan fè jalouzi nan lokalite Pandi, ki a kèlke kilomèt komin Gromòn, depatman Latibonit peyi a.

Zael nèg yon lokalite nan Sen Lwi Dinò ki rele Janklè, genyen anpil gro akizasyon kriminèl, bwile kay ou kidnapping yon seri bis ki relye Pòtoprens ak Pòdepè ki te pandye sou tèt li, te anba rada lapolis. Sepandan, lapolis pa genyen anyen pou wè avèk lanmò sangwen an.

Enfo ki arive jwen TRiboLAND, fè eta de jalouzi ke Zael tap fè pou manman fanm ki natif natal komin Sen Lwi Dinò e ki te ale al plase ak gro chèf gang Baz Pilat yo. Jalouzi pote Zael ale jiskaske li arive tire anmourèz la nan pye nan moman ansyen fanm nan te ale wè lòt chèf gang advès la nan Gromòn. Konsa, chèf gang advès la, ansanm ak tout patizan li simen katouch sou Zael ki resevwà apeprè 27 bal.

Antouka, fè tan kite tan! Zael, gro chèf gang sangwen ki te kidnape yon madanm yon Pastè nan Sen Lwi Dinò mouri tèt nèg nan fè jalouzi.

Comments are closed.