REFLEKSYON NAN RENESANS SOU SÒTI KRIZ GOUVENANS AKTYEL LA E DIRE TRANZISYON AN TA DWE PRAN

779

MARDI 10 AOÛT 2021

REFLEKSYON NAN RENESANS SOU SÒTI KRIZ GOUVENANS ALTYEL LA E DIRE TRANZISYON AN TA DWE PRAN

Salut à toutes et tous,

Mwen pa konnen si gen nan nou ki sot koute Marvel nan Emisyon Dim ma diw la. Li te eksprime angwo menm preokipasyon AK nou.

Kote se enterè Ayiti ki ta dwe priorize nan konjonkti politik sa.

Se pozisyon sa nou te defann dimanch dènye nan reyinyon nou te genyen ak kek aktè nan dyaspora a. Se menm limenm nou pwal kontinye defann nan reyinyon dimanch pwochen an.

Nou pap sipòte pèson nan non kab site la yo. Men se kisa chak moun yap site non yo la kab pote pou ede Ayiti sòti pi byen nan move pass li twouvel la?

Si nou paka wè klè sa moun sa yo kab pote pou peyi a, li pap nesesè selon nou poul vin dirije peyi a e fè l pèdi yon lòt tan ankò.

Pozisyon nap defann ankò, se yon tan refòm.

Refòm sistem elektoral la, paske li pap nan enterè Ayiti si nou al nan eleksyon AK mizanplas ki te fèt deja la yo sou Jovenel Moïse yo ak kat dèmalog la, konsèy Elektoral sa, e tout gang ame sa yo. Si nou kouri Al nan eleksyon sa yo se PHTK ki pwal rete sou pouvwa a, li pwal renouvle tèt li. Li pap nan enterè peyi a, sitou lè nap konsidere ki kote PHTK mennen peyi a panda 10 dènye âne sa yo. 

Kouri Al nan eleksyon tou, san yo pa teni kont atik 134-2 a ki pwal redwi manda pwochen prezidan an de tout reta ki akimile ak dènye 1 an sa pouvwa Jovenel la pran sou manda pwochen prézidan an e tan pouvwa tranzisyon ki pwal vini an pwal pran sou li tou, se pwobab ke pouvwa sa ka pwal rete apèn 2 zan selman kòm manda si se pa mwens. Donk sa pap nan enterè peyi d’Ayiti menm jan an.

Donk, defann enterè Ayiti pou fiti l, se batay pou refòm sistem elektoral la fèt avan pwochen eleksyon yo.

Pou nou 2 zan  pifò Moun ou sektè ap pwopoze a pap sifi. Paske se pa sel refòm sa nou wè ki nesesè. Refòm enstitisyonel yo tou AP trè enpòtan, tankou: 

– Lapolis, pou sekirite ; 

– Lajistis, pou pwosè yo;

– Enstitisyon kab rantre kòb Leta yo, pou estope gagòt AK emoraji ki genyen nan mèg resous nou yo, si non okenn Pwojè serye e amelyorasyon pap kab pote sou plan ekonomik AK sosyal peyi a. 

– etc.

Se pou sa nou panse li tap plis nan enterè peyi a si dire tranzisyon ki pwal vini an ta pran res tan ki ta sipoze fè 5 an prezidans ki ta dwe ranplase Jovenel Moïse la si eleksyon yo te fèt a tan. Sa tap pèmèt nou jwenn tan pou’n fè refòm yo, refè sistem elektoral la e mete konsèy Elektoral pèmanan an sou Pye; evite nou pa al kreye Yon kriz dire manda pou pwochen prezidan eli a, met lòd nan kek enstitisyon enpòtan e nan administrasyon Leta Ayisyen an. 

Sa se Yon pozisyon nou konte pwomote e defann sou tout platfom ak espas diskisyon nou gen chans patisipe.

Siw dakò AK pozisyon sa, wa ede nou patajel nan rezo paw yo. 

Renesans la posib, men li pakab pran chemen tradisyonel yo e li dwe fèt sou baz Yon sel bousol, e kesyonman: kisa kap pi bon pou Ayiti et pou pèp Ayisyen an? 

Batay la fèt kòmanse !

Jhonny Estor

Pou Renesans Ayiti.- août 10, 2021

Comments are closed.