Se pa tikalite netwayaj lapolis ap fè nan vil Pòdpè; yon lòt pwezime manm gang tonbe

990

01 – 10 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Se chak jou ki jou, yon manm gang tonbe anba gachèt lapolis, ki ta sanble detèmine pou eradike lòbèy ou kansè ki rele gang lan nan depatman Nòdwès peyi a, patikilyèman nan komin Pòdpè.

Yon lòt fwa ankò, yon sangwen ki pote non Widerson, ki soti nan zantray gwoup gang aktif ki rele “Gèp Nwa” kap fonksyone nan yon lokalite ki rele “Lakoup”, jwen viza pou peyi san chapo jounen mèkredi 10 janvye 2024 la, vè 8 è aswè a.

Widerson, alyas Wooderson, jwen lanmò li nan zònn Lasalinn nan komin Pòdpè apwè echanj kout zam ak lapopo.

Comments are closed.