“Pete Peta” nan fèt fen ane yo, yon pratik ki antrave sekirite piblik la nan Site Kapwa Lamò a

315
0
Share:
TRiboLAND

12/05/2025

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapè, sekirite ak kè kontan se ta dwe esans menm fèt fen ane yo. Men, nan Site Kapwa Lamò, plizyè sitwayen ap lanse kout kri pou fè konnen sitiyasyon an ap pran yon lòt direksyon akoz pwopagasyon peta ak lòt eksplozif timoun ak jèn ap itilize depi kòmansman mwa desanm lan.

Pratik sila, ki toujou fè pati abitid sezon fèt yo, tounen yon gwo sous danje nan yon moman kote tout peyi a ap fè fas ak yon klima ensekirite ki deja frajil.

Divès moun denonse pratik pete peta a, detonasyon yo souvan konfonn ak kout zam. Konsa, sa lakoz panik, bouskilad, epi pafwa move alèt ki mete tansyon ak tranble janm nan anviwonman an.

Plizyè paran rapòte ke yo pè kite timoun yo epapiye nan lari a; tandiske machann ak chofè moto yo denonse bri pete peta a kòm yon tibilans ki kapab fè moun pèdi tout bonsans ak bonnanj ou, sitou nan leswa.

Nan plizyè katye, sitwayen yo deside pran lapawòl pou mande otorite yo retabli kontwòl. Yo fè konnen sitiyasyon an “ap chape kò l” e yo mande pou gen mezi legal ak operasyon polis ki ta ka mete limit sou itilizasyon peta yo pandan peryòd sa a.

Ansyen Direktè Polis Depatman Nòdwès la, Clevens Cetoute, te deja mete yon entèdiksyon klè sou vann ak itilize peta (pit etwàl ou fe datifis) nan espas piblik pandan fen ane yo. Mezi sa te jwenn bon rezilta nan epòk li te entwodwi a. Li te favorize bonjan trankilite biblik.

Men, ak transfè li, anpil moun ap poze kesyon : Èske entèdiksyon sa toujou an aplikasyon oswa li tonbe ak chanjman direksyon an?

Share:

Leave a reply