ITDP kontinye angajman li pou sipòte edikasyon timoun yo ak yon nouvo distribisyon materyèl eskolè ki prevwa 6 septanm 2026 kap vini an

08/04/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Òganizasyon Inyon Tèt Ansanm pou Devlope Ti Pòdpe (ITDP) kontinye mete edikasyon timoun yo nan mitan priyorite li. Gras ak sipò patnè li yo ak bon volonte moun k ap akonpaye misyon an, Komisyon Edikasyon ITDP ap kontinye respekte pwomès li pou ede timoun ki pral lekòl yo, espesyalman sila yo ki soti nan fanmi ki pa gen anpil mwayen.
Nan kad inisyativ sa a, yon gwo distribisyon materyèl eskolè prevwa fèt samdi 6 septanm 2026 la, sou Plas Sen Monfò. Objektif la se bay plis timoun chans pou yo kòmanse ane akademik la ak materyèl ki nesesè pou aprann nan bonjan kondisyon.
ITDP ap lanse yon apèl bay tout moun ki vle patisipe nan aksyon solidarite sa a. Chak sak lekòl, kaye, liv, plim, kreyon, règ, rapòtè, lakòl oswa nenpòt lòt materyèl eskolè kapab fè yon gwo diferans nan lavi yon timoun.
Pou moun ki vle fè yon don an lajan, yo kapab voye kontribisyon yo atravè MonCash sou nimewo (+509) 3797-2409. Chak kontribisyon, kèlkeswa kantite a, ap sèvi pou achte plis materyèl pou timoun ki bezwen yo.
Pou plis enfòmasyon oswa pou remèt don yo, tout moun kapab kontakte Me Hodney Fanuance nan vil Pòdpe, Sekretè Jeneral Òganizasyon ITDP, sou nimewo (+509) 3364-9798.
ITDP remèsye tout patnè ak tout sitwayen ki deja mete men ansanm ak òganizasyon an pou fè pwojè sa a reyisi. Paske, jan òganizasyon an di li: “Yon timoun ekipe, se yon avni ki klere.” Ansanm, ann kontinye envesti nan edikasyon, paske se li ki pi gwo zouti pou chanje lavi timoun yo ak bati yon pi bon avni pou kominote nou an.






