Pou fèt fen ane 2023 a, kondisyon lavi yo parèt ensipòtab.

801

12 – 07 – 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Ti machann nan sektè enfòmel lan nan Jeremi ki temwaye nan mikro TRiboLAND, fè konnen se pou premye fwa nan lavi yo, sityasyon an parèt difisil pou yo.

Anie, kise yon fanm ki gen mari l ki mouri kite 5 pitit sou bwa l, esplike ke li genyen lajan ponya nan men l ak tout enterè kap moute balkon, alòske pa genyen lavant.

Konsa, anpil nan ti machann kout ponya sa yo pran nan mera. Yo fè konnen ke bank ak koperativ yo ,voye papye lajistis ba yo, e yo pa konnen ki sen pou yo adrese pou jwenn tchotcho pou peye bank yo.

Comments are closed.