Nòdwès / Enfwastrikti : Moun Ba Nòdwès foule beton Pòdpè a yon lòt fwa ankò pou mande wout Pòdpè – Jan Rabèl la

1,699

03/26/2022

Pòdpè____(TriboLAND) Nan aprèmidi vandredi 25 mas 2022 a, plizyè dizèn moun soti nan ba Nòdwès yon lòt fwà ankò, atravè mouvman SOS Nòdwès pou mande MTPTC ba yo wout Pòdpè – Jan Rabèl la.

Kondisyon wout la revòltan, moun yo ap vwayaje nan yon sitiyasyon ki pi mal ke epòk medyeval. Se yon siyasyon ki entenab e pouse yon lòt fwà ankò plizyè òganizasyon politik, tankou: SOS Nòdwès, Fòs Nou, FADNO, pou-n site sa yo sèlman, kontinye ap miltipliye mouvman pwotestasyon yo nan vil Pòdpè. Anpil konpatriyòt riske vi yo pou soti byen lwen Ba Nòwès pou pwoteste.

Osito yo te kite antre boulva Twarivyè a, pwotestatè yo te monte nan Ri Kapwa, vire devan Katedral pou desann devan Biwo Depatmantal MTPTC a; se te son sa, ki tap mennen Mach la nan site Kapwà Lamò a, “MTPTC ban nou wout la, TPTC nou vle wout la”.

Moun yo pale de yon 111 000 000 Goud ki ta disponib pou travay wout la, aprè ekip ki tap kowòdone Mach sila te fin delivre mesaj la devan Biwo TPTC ; Direktè Depatmantal MTPTC a, Angelo Oracius te fè yon ti chita pale ak yo, pou rektifye zafè 111 000 000 Goud la. Dapwè dirèktè a, se te yon montan ki te nan kad yon bidjè previzyonèl; ansyen Prezidan te prevwa yo ta pral kolekte lajan sa, nan zafè pèmi kondwi ak gaz. Li ta pral nan (FER : Fonds d’Entretien Routier) ki pa janm rive ateri tout bon akoz ti bilans politik, ensekirite ki vin jwenn ak asasina Prezidan Jovenel Moise.

Direktè Depatmantal la te rapouswiv pou l di, revandikasyon yo kòrèk men yo dwe sispann bwouye pis la, nan di sa yo pa konnen. Li te fini pou l di, gen evalyasyon ki fèt, sou yon seri travay e li deja ekri wo responsab yo sou yon seri travay nan ba Nòdwès. Konsa, gen yon seri travay ki antre nan kad volonte politik, pandan li menm, li depan de fèy dewout yo ba li.

Antouka, Gran Toryan asosye ki mete yon parèy mouvman pwotestasyon sou pye, pa ekate posiblite pou bay responsab yo yon lòt swèlte ankò.

Fanuance HODNEY

Comments are closed.