Pòdpè/ensalibwite: Labou, fatra ak lot vye zagribay dekonekte anwo ak anba lavil

778

06/05/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Depi apwè gwo lapli ki te tonbe sou vil Pòdpè jounen 1e jwen 2021 an, moun kap viv nan site Kapwa Lamò a ap fè fas ak gwo mizèrere. Majorite kay yo pase anba dlo, vèsèl, matla ak tout lot kalite bataklan charye pote ale. Konsa, yon parèy sitiyasyon ran lavi ensupòtab e koze gwo pwoblèm pou rezidan yo.

Mete sou sa nan moman nap redije tèks la, anwo lavil dekonekte ak anba lavil akoz labou ak fatra melanje ak lot vye zagribay bloke tout ti kwen nan vil la e ki konplètman pa favorab pou sèvis transpò a. Jiska prezan poko janm gen oken mannigans kap fet bò kote otorite reskonsab yo pou debleye vil la. Zòn tankou: Nan kasav, Nan Djerilon, Site Makso, Nan kouyout ak Latandri pou nou site sa yo sèlman, se pami katye sa yo ki pi afekte.

Kesyon sou egzistans otorite yo, pa sispan ap klewonnen atravè yon litani: “Kote responsab SNGRS a? Kote reskonsab Lamèri yo nan vil la? Kote responsab MTPTC yo? Bann ak yon latriye kesyon sa yo rete san repons, alòske pèp souvren ap naje nan labou pandan ke peryòd siklonik la deja bay anpil lawouli.

Jehrbson Petit

Comments are closed.