Chansòlm : Òdinasyon 3 Sè Lasalyèn nan Pawas Notre Dame de Lourdes

2,252

03/26/2022

Chansòlm, Pòdpè_____(TRiboLAND) Se avèk anpil bravo lakontantman kominote Lasalyèn nan, nan Pòdpè rive akeyi ou resevwa “vœux perpétuels” 3 sèvant pami yo : Sè Linda Augustin, Sè Majorie Jean-Pierre e Sè Nerlande Jean-Pierre, ki pral gen pou travay kòm sèvant Jezikri men tou ranfòse yon parèy kominote eklezyastik. Seremoni sa a ta pral dewoule byen bonè nan maten, jounen vandredi 25 Mas 2022 la, nan Pawas Notre Dame de Lourdes, Chansòlm e ki ta pral prezide anba lobedyans Evèk dyosèz Pòdpè a, ki ekselans Mgr Charles Peters Bathelus.

Konsa, divès pèlerin, fanmiy, patizan ak senpatizan sèvant yo te sòti tout kote nan depatman Nòdwès la, pou vin bay sipò yo ak nouvo angaje yo.

Nan omeli sikonstans la, Monsenyè Charles Peters Bathelus, ki li menm te pran lapawòl, mande ak nouvo angaje yo pou yo rete demere nan lapriyè epi raple yo misyon yo se ede tout sa yo ki pakab tankou : òfelen yo, vèv yo ak moun ki pòv yo. Yon lòt bò, Monsenyè Charles Peters Bathelus te tou pwofite bay ak chak sèvant yo, yon baj ki senbolize nouvèl alyans yo oubyen angajman yo antreprann ansanm ak granmèt la kòm epouz Jezikri.

Sepandan, Frè Ermane yonn nan pi ansyen frè famiy Lasalyèn nan, ki se egalman yon mentò pou tout nouvo ak ansyen angaje yo; bò kote pal, mande ak 3 sèvant yo rete nan orezon, sa vle di yo dwe pran lapriyè kòm nouriti yo, paske misyon yo pako fini. Pou frè Ermane, la priyè se sèl mwayen ki kapab ede sèvant yo tout bon vre fè fas ak tout difikilte sou wout yo. Konsa, mentò a montre kontantman li genyen pou nouvo sèvant Lasalyèn Jezikri yo e tou pwofite di yo ke yo pa pou kont yo!

Seremoni an te fini aprè ke sèvant Majorie Jean-Pierre ki te pran lapawòl nan non kòlèg li yo. Li te remèsye espesyalman Monsenyè Charles Peters Bathelus, Evèk dyosèz Pòdpè a, pou atansyon soutni li bò kote kominote Lasalyèn nan, men tou voye yon gwo kout chapo bay chak grenn moun kite rann posib gwo seremoni sila. Sè Majorie Jean-Pierre rekonfime angajman yon pran piblikman e pwomèt pou mache selon volonte Granmèt la.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.