Edikasyon: Rezilta egzamen ofisyèl pou sesyon òdinè bakaloreya

292

12\05\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Responsab Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Profesyonèl (MENFP) pibliye rezilta egzamen ofisyèl yo pou sesyon òdinè bakaloreya pou ane akademik 2019-2020 an.

Konsa, rezilta sa yo reprezante inikman rezilta pou sèlman 9 depatman jewografik peyi a, alòske done pou depatman Sidès la poko disponib.Chif sa yo reprezante reyisit plis pase 22,880 etidyan ki arive reyisi sou 37,420 kandida ki te angaje yo nan yon parèy kous; 6,060 absan ak 9,536 elimine.

Daprè ministè a, montan reyisit nasyonal la li a 74% jiskaske yo kominike chif reyisit pou depatman Sidès la. Depatman Nòdwès arive pran mayòl la nan mèyè pèfòmans nan palmarès rezilta yo avèk yon reyisit 100%; Nip 99.33%; Sant 86.11%; Nòdès 82.11%; ak Lwès 70.01%.

Comments are closed.