Sikilasyon nan vil Jeremi, rete yon veritab ma swife.

861

11- 21 – 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Lapli kap tonbe nan jou sa ye sou Grandans peyi a, bay anpil kè kase. Reyalite yo montre ke lib sikilasyon pa ditou posib nan mitan vil Jeremi kou nan rès komin depatman Grandans lan. Se ka wout nasyonal nimewo 7 lan, zonn Ranp, Rivyè Glas, Dichity ki totalman enpwatikab.

Nan sa a, sitwayen ou peyizan yo nan zonn sila yo, pa sispann mande enstans konsène yon booster prese prese, yon fason pou fasilite lib sikilasyon popilasyon an nan diferan zòn sila sa yo ki an boulatcha nan sezon move tan sila.

Comments are closed.