Laurane Jean Onel, sitwayen american orijin ayisyen, jwen arestasyon li sou fontyè Wanamèt.

83
0
Share:
TRiboLAND

08 – 01 – 2026

Wanamèt, Ayiti ____ (TRiboLAND) Laurane Jean Onel, se non yon sitwayen americain orijin ayisyen 39 lane, jwen arestasyon li sou fontyè komin Wanamèt jodi samdi 01 dawout 2026 lan.

Selon enfòmasyon ki disponib, ta sanble se Jean Onel ki te tire yon ajan sekirite ki te rele Saint-Cyr Renand yè vandredi 31 jiyè pase a, nan otèl Lorye zòn kolèj Nòtredam.

Zak fiziyad la te rive nan moman Onel di Renand t’ap pase epi li joure manman li, e se konsa, sitwayen doub nasyonalite ta pral rale zam li e tire dèyè jèn gason an. Nan sans sa a, komisè gouvènman Okap la ki pat pran tan pou mete yon manda rale mennen vini dèye Jean Onel pou akizayon ki ta lage sou do li.

Share:

Leave a reply