Fondasyon Dijisèl lanse pwogram” konbit pou chanjman” an nan depatman Nòdwès la.

05/30/2021
Pòdpè_______(TRiboLAND) Se jounen samdi 29 me 2021 an, Fondasyon Dijisèl branch Nòdwès ki genyen nan tèt li madam Kethlène Dorcin bay kou danvwa 5èm edisyon pwogram konbit pou chanjman an nan depatman Nòdwès la.
Yon inisyativ ki vize pou yon 5èm fwa, mete an valè divès pwojè kominotè nan depatman sila. Òganizasyon kap patisipe nan pwogram sa dwe respekte jan de kritè sa yo tankou:
1- Fòk Asosyasyon an genyen yon rekonesans legal
2-Fòk Asosyasyon an abitye egzekite pwojè deja
3- Fòk moun ki nan kominote a rekonèt Asosyasyon an oubyen òganizasyon sila.
Konsa, chak òganizasyon pral gen posibilite pou soumèt 2 pwojè ki gen pou devwa reflete reyalite vi moun kap viv nan kominote sila yo.
Pou direktris la, pwojè sa yo ta sipoze pote sou divès kalite eleman tankou : pwojè sou kaptaj dlo, pwojè sou zannimo, pwojè sou jerans fatra, pwojè sou agrikilti e latriye.
N’ap raple ou, pwojè ki rive ranpòte lamayòl la, pral benefisye 1 milyon goud nan men Fondasyon Dijisèl e nan menm moman an l’ap rive jwenn fomasyon Inivèsite Kanada nan kad akonpanyeman ak egzekisyon pwojè sila .
Li enpòtan pou konnen, 2 kominote ki sot ranpòte prim pwogram konbit pou chanjman nan 4èm edisyon an, se te Bèdeyèn ak Jan Rabèl.
Pou fini òganizasyon oubyen asosyasyon kap enskri yo genyen delè yon mwa pou fè sa. Swa sòti 31 jwen pou rive 31 jwiyè 2021. Tout patisipan konsène yo ap genyen pou depoze pwojè sa yo nan biwo Dijisèl ki twouve l anfas BNC nan komin Pòdpè oubyen nan lòt biwo dijisèl ki blayi kò yo sou depatman Nòdwès la ak ajan mon kach yo.
Hyppolite Genson






